Home  
 
 
   
    SHOTS Retriever Dosye    
       
   

Jwenn fòmilè DH 680 - Enstriksyon

Sa w gendwa wè sou ekran an epi sa l vle di:
Antre 10 chif.     Ou pa antre nimewo IMM leta a kòrèkteman. Antre nimewo a egzakteman jan pwofesyonèl lasante w la te ba w li.
Yo sèlman pèmèt chif. Pa itilize lèt.     Ou pa antre nimewo IMM leta a kòrèkteman. Antre nimewo a egzakteman jan pwofesyonèl lasante w la te ba w li.
Yo sèlman pèmèt lèt ak chif. Ou dwe antre yon konbinezon ki gen egzakteman nèf lèt ak chif ladan l.     Ou pa antre kòd sètifikasyon an kòrèkteman. Antre kòd sètifikasyon an egzakteman jan pwofesyonèl lasante w la te ba w li. Kòd sètifikasyon an se yon konbinezon lèt ak chif.
Nimewo IMM leta a oubyen kòd sètifikasyon an pa valid.     Ou pa antre nimewo IMM leta a oubyen kòd sètifikasyon an kòrèkteman. Antre enfòmasyon yo egzakteman jan pwofesyonèl lasante w la te ba w yo. Nimewo IMM leta a sèlman gen chif e kòd sètifikasyon an gen lèt ak chif.
Pwofesyonèl lasante w poko kreye fòmilè DH 680 w lan.     Fòmilè DH 680 w lan poko prè. Si sa gen plis pase yon jou depi yo fè w konnen ou ka jwenn fòmilè w la, tanpri rele pwofesyonèl lasante w.
Nou pa ka jwenn fòmilè DH 680 an pou enfòmasyon ou antre yo.     Ou pa antre nimewo IMM leta a oubyen kòd sètifikasyon an kòrèkteman. Antre enfòmasyon yo egzakteman jan pwofesyonèl lasante w la te ba w yo. Nimewo IMM leta a sèlman gen chif e kòd sètifikasyon an gen lèt ak chif.
Yo retire sètifikasyon fòmilè DH 680 an.     Pwofesyonèl lasante w make fòmilè DH 680 w lan kòm pa kòrèk, ou pa ka jwenn li ankò. Tanpri kontakte pwofesyonèl ou pou konnen sa w bezwen fè pou jwenn yon lòt fòmilè DH 680.
Nou pa ka bay fòmilè DH 680 an poutèt egzonerasyon medikal tanporè a ekspire nan ----------.     Yo te ba w fòmilè DH 680 an kòm yon egzonerasyon medikal tanporè ak yon dat ekspirasyon. Fòmilè a gentan ekspire e ou pa ka itilize fòmilè DH 680 an (egzonerasyon medikal tanporè) ankò. Tanprikontakte pwofesyonèl lasante w pou konnen si pitit ou toujou bezwen lòt vaksen ak yon fòmilè DH 680 ajou.
Ou eseye fè l twòp fwa san w pa reyisi.     Pou pwoteje dosye medikal pitit ou, apre ou fin antre enfòmasyon ki pa kòrèk twa fwa pou jwenn yon fòmilè DH 680, ou pa gen dwa eseye ankò pandan kenz minit poutèt li bloke. Tanpri tann yon lòt kenz minit epi eseye ankò.
Javascript pa aktive nan navigatè w. Javascript dwe fonksyone pou w ka rekipere fòmilè DH 680.     Javascript dwe fonksyone nan navigatè w pou paj sa a. Paj la detekte javascript dezaktive nan paramèt opsyon navigatè yo, oubyen yon dispozitif pou bloke eskript yo ap fonksyone.